Free Porn
xbporn

buy twitter followers
uk escorts escort
liverpool escort
buy instagram followers
Galabetslotsitesi
Galabetsondomain
vipparksitesigiris
vipparkcasinositesi
vipparkresmi
vipparkresmisite
vipparkgirhemen
Betjolly

Fòs la ap vini, Montana echwe, Nou pap dòmi nan kouri

Vòt konsèy sekirite a pou otorize yon fòs vin konbat gang yo twouble sòmèy gwoup gang akò Montana. Sou rezo sosyal yo, nou ka remake reyaksyon dezespere anpil nan yo tankou James Beltis, Dread Armand, Emmanuela Douyon, Daphnée Ti Sak Suk, Velina Charlier ak Steven Benoit. Rezolisyon 2699 konsèy sekirite a tonbe tankou yon kout fwèt sou pou do tout politisyen ki tap maniganse pou pran pouvwa selman nan tranzisyon. Ak rezolisyon an, pa gen wout pa bwa. Se eleksyon. Moun ki gen pi bon pwojè a, ki konvenk pèp la, pral pran pouvwa a.
Li dwe klè pou tout moun. Jounen jodi a, petwochalenjè ak akò Montana pa gen leson pou li bay pèp ayisyen an kap soufri akoz aktivite gang yo. Pandan 5 lane, moun sa yo pouri peyi a, mete dife tout kote, ankouraje peyi lòk, pran lajan nan men oligak pou lòk peyi a, ede mete zam nan katye yo pou sekirize barikad yo, ankouraje asasinen yon prezidan eli. Se bilan yo sa. Apre yo fin fè tout sa, yo pran pakèt yo, yo al viv byen nan peyi Etazini. Gen nan yo ki gen tan ouvri biznis yo nan Miami. Nou konn ki lajan kap blanchi nan biznis sa a.
Pèp ayisyen pa dwe bliye tout mal moun sa yo fè peyi a. Yo te fè tout sa yo kapab pou anpeche kominote entènasyonal la pa vin ede Ayiti. Nou pap bliye Velina Charlier, Pascale Solage ak Rosie Auguste ki te ale devan kongrè a pou ale anpeche ameriken yo ede pèp ayisyen an. Nou pap bliye siting devan mezon blanch lan. Nou konn ki oligak ak kontrebandye ki te finanse vwayaj la. Nou pap bliye lèt akò Montana te voye bay La Risi pou mande yo bloke rezolisyon an.
Apre yo fin fè tout sa, e yo echwe, men yo panse yo ka bay majorite kap soufri a leson. Li klè match la fini. Se eleksyon li ye. Men fòk pèp la kontinye rete veyatif. Moun sa yo gentan prepare laboratwa, fo rapò, pou akize fòs la de tout move bagay. Oganizasyon dwa moun zanmi yo gentan ap prepare rapò. Pa bliye se sou malè pèp la moun sa yo fè lajan. Se malè pèp la ki ba yo agiman pou yo al cheche lajan pou yo fè oganizasyon dwa moun, òganizasyon feminis. Se poutèt sa, anpil nan yo pral maniganse tout sa yo konnen pou fòs la echwe. Reyaksyon moun sa yo tradui nivo sinik yo. Si pa gen ensekirite, pap gen bras. Pèp ayisyen an dwe make non yo.
 Redaksyon Le Messager

Latest articles

spot_imgspot_img

Related articles

Leave a reply

Please enter your comment!
Please enter your name here

spot_imgspot_img